Gang “kokorat san ras” rive akapare komisarya Gwomòn nan e tire sou yon jounalis Radyo Poltron FM.

857

02-07-24

Gwomòn, Ayiti__(TRiboLAND) Sityasyon tansyon ki tap devlope nan awondisman Gwomòn jounen mèkredi 7 fevriye 2024 la, favorize gang sangwen kap opere nan lokalite Tibwadòm rive akapare komisarya awondisman sila.

Evènman yo ki trè chokan, kout bal ki tap chante pasi pala nan bouk la, ta pral debouche sou tantativ asasinay yon jounalis nan Radyo Poltron FM, ke tout moun konnen sou non Alain Charles.

Jounalis la ki pat epanye nan moman gang yo tap opere nan komisarya sila, taka resevwa yon bal nan testikil li, ki pou koulya dapwè dènye enfòmasyon yo ap pran swen nan lopital “La Providence” nan vil Gonayiv.

Comments are closed.