Simityè Pòdpè a, gen yon pwoblèm strikti e sa konstitye yon sous ensekirite sou plizyè fòm

1,695

08-17-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TriboLAND) Simityè Pòdpè a, ki se youn nan gwo simityè nan depatman Nòdwès la, konstitye yon veritab sous ensekirite sou plizyè fòm. Vil Pòdpè se chèf lye depatman Nòdwès la, tout sa ki nan li ta sipoze gen yon strikti pou bay ton ak rès komin yo. Site Kapwà lamò a, ap fè fas ak yon simityè ki konplètman dezòganize e satire. Se yon kondisyon ki ta dwe entèpele otorite pou redresman sitiyasyon an.

Jounen jodia a, anpil moun ki antere pa antere ak diyite! Anplis, fatra fè de pou 15 nan espas repo nanm yo; souvan, anpil kote kote nan simityè a, se grate yo grate tè pou mete anpil moun ki antere. Kèk ti vireron nan simityè a kapab fè moun bite sou mò kap desose. Sa arive fèt pa fwa nan retire mò pou mete lòt mò. Se yon veritab dezòd anndan yon vil swa dizan ki genyen yon majistra.

Ajoute ak sa, gen yon group endividi ki baze yo nan simityè Pòdpè a; yo enplike nan rakèt e fè kwè se la yo manje, sa fè yo fè anpil presyon sou moun sou tout fòm. Kelkeswa yon moun kap vin regle yon bagay sou tonb fanmiy yo ou ki vin fè yon demann devan bawon. Si ou pa bay lajan, ou pap ka fè sa w vin fè a; e si ou pèsite yap bat ou. Divès moun denonse parèy pratik anachik ki pran espas piblik sa kòm byen manman ak papa yo.

Kèk moun nan site Kapwa Lamò a, pataje ide pou otorite yo ta menm retire simityè a kote-l plase yon fason pou fè yon plas piblik; alòske anpil lòt moun rete kwè se Leta sangwen an ki pou andose responsablite l e pran men li yon fason pou li antreteni yon parèy strikti ki se dènye espas senbolik pou onore diyite moun.

Comments are closed.