NÒDWÈS ENSEKIRITE: PLIS PASE 200 JÈN FÈ PATI GANG TIBWADÒM NAN!

944

12 – 01 – 2023

Pòdepè, Ayiti, ______(TRiboLAND) Selon Delege Depatmantal Nòdwès la, Sony DORDOILLE, genyen pou pi piti 200 jèn ki afilye ak gang Tibwadòm nan ki nan vil Pòdepè. Delege a fè deklarasyon sa nan kad yon entèvyou espesyal li te akòde jounalis Wilgens nan jou ki te mardi 28 novanm 2023.

Delege a kontinye pou l di: Jèn sa yo nan tout pwogram, vin danse epi vire do yo ale san okenn jennman. Parapò ak pwisans gang lan genyen nan zafè enfòmasyon, kèlkeswa moun ki pase sou wout l, gang gentan okouran.

Otorite Nòdwès la fè konnen toujou, pou pwoblèm nan rezoud, fòk nou (otorite) fini ak sous enfòmasyon yo gen nan vil la.

Poutan, nan yon lòt bò, Premye Minis Ariel Henry te fè konnen nan yon pwen pwès, pandan li t ap al pran avyon pou kite peyi a nan mwa ki sot pase a: « Tout bagay sou kontwòl »

N’ap raple, gang Tibwadòm pran nesans nan lane 2018, nan zòn Tibwadòm, komin Gwomòn nan Depatman Latibonit. Konsa, evidans operasyonèl ou jewolokalizasyon yon parèy gang, montre ke se moun Nòdwès ki plis viktim. ‎

Comments are closed.