Jij de Pè Lapwent Dèpalmis lan arete yon “Fondé de pouvoir” pou tèt outraj.

01 – 30 – 2024
Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Mèt Maxo Noël ke tout moun konnen kòm yon gwo militan politik kap evolye andedan ” Fwon Patriyotit Papay” branch Nòdwès, arete pou tèt li ta outraje jij de Pè Jean- Baptiste Fortunat nan kare li.
Aprann nouvèl la, korespondan TRiboLAND yo pat pèdi pou te konnen vrè rezon an ki lakòz militan politik la, defansè piblik la, Mèt Maxo Noël arete, tout fwa jij la fè konnen, Maxo Noël outraje li e pwomèt lap mete dife nan tribinal la.
Malgre kòporasyon pratisyen tribinal de Pè Pòdpè a ak divès lòt gwo chabrak tankou komisè gouvènman jiridiksyon Nòdwès la ekri jij la, sa pa anpeche Mèt Maxo Noël ap pase premye nwit li nan prizon sivil Pòdpè a pou derespektan ak menas.







moun yo pa pridan nn
triboland latoti fonkiyez