Cluster Saint Louis-du-Nord klotire an grandyoz 13èm Edisyon Jeni Timoun nan legliz Beraka, Lapwent Dèpalmis

470
6
Share:
TRiboLAND

09 – 22 – 2024

Lapwent Dèpalmis, Ayiti____(TRiboLAND) Yo la e yo pa fè bwi; responsab Cluster Saint Louis-du-Nord nan tèt kole ak Konpasyon Entènasyonal klotire yè samdi swa a 21 septanm 2024 la, 13èm Edisyon Jeni Timoun 2024-25 nan oditoryòm Legliz Beraka a nan Lapwent Dèpalmis, nan Nòdwès peyi a.

Konsa, nan yon anbyans gete, fyète anba tèm: “Des Enfants Épanouis pour une Meilleur Société”, 13èm Edisyon Jeni Timoun nan te pran yon lòt nivo. Anpil gwo potanta te pran lapawòl nan kad pou ankouraje mouvman an ale toujou pi devan ak dote timoun yo yon kilti devlopman kognitif ki kapab asire yon demen miyò pou peyi a.

Ekip chanpyon an ki te soti nan kategori “15-22”, pat manje anyen ki frèt. Yo te ofwi anpil bèl pwestasyon entèlèktyèl fas ak yon seri kesyon dòd jeneral ki te, san ezitasyon montre profondè konpetans kognitif ti lèzanj yo ki reprezante yon minn konesans kap asire yon demen miyò pou peyi Jan Jak Desalinn nan, kote chak sitwayen dwe santi ke yo se yon potansyèl chanjman pou kominote yo.

Dans e “remiz trofe” ki te genyen aprè yo, yon resepsyon ekstraòdinè, ta pral mete yon pwen final nan sware samdi 21 septanm 2024 la, yon evennman kiltirèl ki make yon lòt fwa ankò enòmite travay Cluster Saint Louis-du-Nord a ap fè nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

Share:

6 comments

Leave a reply