Pwofesè lekòl piblik yo nan Grandans kontinye fè absansyon nan etablisman eskolè piblik yo.

275
0
Share:
TRiboLAND

01 – 28 – 2025

Grandans, Ayiti______(TRiboLAND) Sòti komansman mwa Janvye 2025 lan, pou finisman mwa Janvye a, pwofesè lekòl piblik yo nan Grandans kontinye fè absansyon nan lekòl piblik yo e fè santi pwezans yo sou beton an; malgre anons premye minis ayisyen an Alix Didier Fils Aimé ak minis Antoine Augustin fè sou antant leta jwenn ak Sendika Anseyan yo.

Bòkote paran ak lekòl piblik yo, yo sezi wè pwofesè pwan plezi yo, touche lajan task pèp la chak mwa, menm lè se anreta. Sa reyèlman tris ke yo pa deside al fè lekòl pou pitit sòyèt yo. Nan sans sa a, paran elèv ki nan lekòl piblik yo, mande misye dam anseyan yo, pou pran tikal konfyans, reprann chimen etablisman eskolè piblik yo, nan Grandans.

Share:

Leave a reply