Mouvman Fanm Nòdwès ap bouje seryezman nan Lapwent Dèpalmis ak nan komin Jan-Rabèl.

908


05 – 22 – 2024

Lapwent Dèpalmis, Ayiti____(TRiboLAND) Regwoupman fanm yo nan Nòdwès peyi Dayiti kontinye ap pran vitès. Mouvman Fanm Nòdwès (MOFAPNO) ap pwogrese seryezman nan Lapwent Dèpalmis ak nan komin Jan-Rabèl.

Dapwè kèk enfòmasyon yo rive founi ak korespondan TRiboLAND yo, objektif mouvman sila, se rive fè medam yo rejwenn Dwa grandèt yo atravè aktivite antrèd, kote yo rive kolekte kòb yo ansanm pou rive konstwi yon otonomi ekonomik.

Yon lòt bò, prezidant lan fè konnen, objektif mouvman Fanm Nòdwès yo, se batay pou rive entegre madam yo nan tout aktivite sosyal ak politik andedan peyi a.

Comments are closed.