Gouvènman defakto gang Ariel Henry (Lidè koutche)a mande ak tout ajan BSAP yo depoze zam yo.

965

01-30-24

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Gouvènman defakto Ariel Henry a sòti tout bon vre pou elimine gwoup Brigad Sekirite Sifas Pwoteje yo nan peyi Dayiti (BSAP).

Nan yon nòt ki pote non primati a, gouvènman defakto sangwen gang Ariel Henry a entèdi tout ajan BSAP yo mache ak zam apati jounen lendi 29 janvye 2024 la.

Ajan BSAP yo dwe pote tèt yo nan biwo depatmantal ki pi pre yo a, se sa chèf primati ki ta sanble genyen men li tranpe nan konplotaj asasinay pwezidan Jovenel Moise la, egzije yo. Sepandan fòs BSAP yo voye jete kon chyen deklarasyon bakle Ariel la. Okontrè yo montre enpostè a ke se ak pòch dèyè yo l’ap rablabla!

Yon desizyon ki konte apeze oubyen kapote mouvman pèp ayisyen an, lèl fè konnen, vle pa vle ekip “Lidè Koutche” ki sou pouvwa dwe ale 7 fevriye kap vini la.

Comments are closed.