KARIKOM AYITI : yon lòt vizit detèmine, men rara anba je yon pèp ki alagoni

921

09-04-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Yon delegasyon KARIKOM antre jodi lendi 4 septanm nan anndan peyi Dayiti, nan objektif pou tante yon lòt fwa inisyativ bwase lide pou ki pou degaje nan mitan belijeran politisyen ayisyen yo ki refize fasilite yon sòti nan kriz plizyè tèt sila ki pa sispann efondre pwemyè Repiblik Nwa lib la.

Konsa, anpil annafè ki responsab yon parèy efondreman, yon lòt fwa ankò deja jwenn envitasyon pou yon parèy chita.

Genyen anpil posiblite pou divès pwen debat sou sa ki genyen pou wè ak deplwàtonay kriz la tankou: mete kanpe yon gouvènman salu piblik, konpozisyon yon HKT, sekirite ak refòm konstitisyonèl, selon yon sous medyatik.

Antouka, depi anlè, tantativ KARIKOM yo ta sanble ap pèdi plim e menm pa asiste tiraj, kote ke yo ta menm anvizaje pwopoze menm vwayou Ariel Henry sila, nan tèt nouvo gouvènman salu piblik sila.

Yon Ariel Henry ak tout yon kominote entènasyonal ki deja trennen Ayiti nan plis labou ke li pa janm trennen avan! Se reyèlman yon disgras! Se dilatwa, moratwa e abominasyon! Se mechan e se ogmante soufwans yon pèp ki deja ap trepase!

Comments are closed.