6 Chèsè relijyez Konfederasyon Sen Ann yo jwenn libète yo

970

01 – 25 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Apwè yon latriye reyaksyon nan plizyè nivo, patikilyèman bò kote Pap François, pi gwo alatèt Legliz Katolik nan monn lan, sis Chèsè ki te kidnape vandredi 19 janvye pase a, jwen liberasyon yo, jounen mèkredi 24 janvye 2024 la.

Malgre kondisyon “deal” pou liberasyon Chèsè yo pa revele; sepandan, genyen yon bonjan soulajman bò kote kominote eklezyastik la ki tap militipliye dezolasyon ak demach. Toutfwa, responsab katolik yo raple Leta koupyon an, pou pran responsablite li ou devwa regalyen li, yon fason pou pwoteje ak fè respekte dinyite moun anndan peyi a.

Comments are closed.