Prezidan Jovenel Moise pè pou pa genyen yon lòt vag kowonaviris nan peyi a

328

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Nan yon konferans chèf Deta a, Jovenel Moise bay nan dezyèm vil peyi a, li deklare ke se sou rekòmadasyon selil siyantifik la ke gouvènman an oblije re-ouvri peyi ki pran anba yon latriye egzijans ki makònnen ak kontrent ekonomik, sosyàl ak relijyez.

Jovenel Moise panse ke “peyi a ka pran yon lòt vag kontaminasyon kowonaviris ankò. Selon li menm, “maladi a toujou ap fè lavironn gede tèritwa peyi Dayiti jouska prezan”. Konsa, se nan sans sa, chèf Deta a konfime ke li te oblije mete yon alonj sou manda komisyon miltisèktoryèl la kap jere pandemi an ki poko lache peyi a.

Prezidan Jovenel Moise ke anpil moun konsidere kòm chèf Deta ki pi medyòk nan nosyon gouvènabilite e ki lage peyi nan tout sa ki senbolize salte ak negativite ekstrèm, mande popilasyon an pou kontinye rete vijilans e aplike avèk pèsistans tout jès baryè yo ou routenn sanitè yo. Li raple ke re-ouvèti peyi a te yon nesesite enperatif akoz yon seri kontrent tout kalite ke peyi a pa ka fè fas ak yo.

Konparativman ak vwazen li, repiblik Dominkènn, Ayiti anrejestri mwens dega nan kovid-19 la. Dènye an dat, chif ofisyèl MSPP yo fè eta de 6,000 ka kontamine e plizyè santènn desè. Jovenel Moise rapouswiv pou li ankouraje popilasyon an kontinye vijilan; li pwofite bat bravo pou strikti mezi sanitè ak distansyasyon fizik ki byen òganize nan ayewopò International Toussaint Louverture a.

Comments are closed.