Plis pase 50 pwizonye jwenn liberasyon yo san OPC pa konnen

0 412

Kwadèboukè____(TRiboLAND) Ofis Pwoteksyon Sitwayen etone tande ke se nan bouch lapwès ke li tande liberasyon plis pase 50 pwizonye nan Pwizon Kwadèboukè a san ke yo pat enfòme ofisyèlman.

Pwizonye sa yo ki libere anba òdonans Pakè Jiridiksyon Tribinal Pwemye Enstans Kwadèboukè a, ki bò kote pa l pat enfòme ofisyèlman responsab OPC yo selon jan lalwa mande l. Konsa, nan yon korespondans ki adrese a Direksyon Administrasyon Penitansye a, OPC mande nan yon delè pap padap soumisyon lis tout pwizonye libere yo; espesyalman non ak pwenon, dat kondanasyon yo, akizasyon ki te pandye sou tèt yo ak kritè liberasyon yo.

Nap raple pwizonye sa yo jwenn liberasyon yo nan kad demach gouvènman Moise-Joseph la pou reponn ijans ki genyen nan pwevantiv pwolonje kap taye banda atravè peyi a e sitou pwevni pwopagasyon kowonaviris anndan sant enkaserasyon yo kap debòde.

Leave A Reply