Gwo dispozisyon pran bò kote administrasyon ameriken an pou voye bourad militè nan peyi Dayiti.

835

05 – 04 – 2024

Wachennton, Etazini____(TRiboLAND) Adminitrasyon ameriken an pase yon lòt vitès lè deside bay Ayiti gwo bourad militè ki evalye 60 milyon dola nan lide pou bay jarèt deplwaman fòs miltinasyonal la.

Nan yon anvlòp ki gen 35 machin enfantri Maxxpro, 80 blende Humvees ak divès dronn ki pral pèmèt yo mete dlo nan diven sangwen yo. Anpil nan ekipman militè sila yo deja ap dodo meya anndan peyi Dayiti.

Selon administrasyon an, materyèl sa yo pral ede fòs miltinasyonal la fè fas kare ak gang ame yo ki pa sispann efondre peyi Dayiti.

Comments are closed.