Pap Francois deklare ke li kanpe avèk pèp ayisyen nan tout soufwans li yo

801

04/05/2021

Vatikan______(TRiboLAND) Nan poman li tap adrese benediksyon seremonyèl nan okazyon fèt Pak la, souveren Pontif la, Pap Francois dekllare ke li solidarize avèk pèp ayisyen an nan tout soufrans ke li ap andire yo.

Pap Francois ki pran menm pozisyon ke Pap Jean Paul II te pran lè li te antre pou yon ti bout tan nan peyi Dayiti nan lane 1983, kote ke li t’ap reklame ou preconize chanjman pou yon pèp ki t’ap soufwi.

“Fwèm, sèm, mwen avèk nou”, daprè Pontif la ki ta swete wè anpil nan pwoblèm yo jwen solusyon”. Li ankouraje pèp ayisyen an pou yo pa pèdi espwà. Lidè katolik la te montre trè klè ke li te panche sou kòz peyi Dayiti an moman li tap bay depoze atravè benediksyon tradisyonèl fèt Pak nan Wòm jodi dimanch 4 avril 2021 an.

Comments are closed.