PDJ RTVC, Patrick Monssignac jwen liberasyon li. yon ti bout tan apwè ke bandi sangwen ame te kidnape l

2,501

03/03/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Apwè ke bandi sangwen ame kidnape PDJ Radio Televizyon Karaib la, Patrick Monssignac jodi jedi 3 mas 2022 a nan flan zòn Ri Chavann kote ke radyo a localize a; kidonk, apwè yon kadè, swit ak yon mouvman pwotestasyon pap padap, bakikad an bandoulyè anflame nan plizyè Ri nan kapital la, Pòtopwens te egzije liberasyon san kondisyon gwo patwon media popilè a, RTVC.

Distans pou chagren ak dezolasyon anlèvman Monssignac la ta gentan anvayi tout ra kwen peyi a, PDJ a te gentan jwen liberasyon li. Nan yon foul moun enpwesiv kap kadanse nan mitan yon konsè kontantman ak satisfaksyon, se te fèt ak delivrans pou anpil sitwàyen ayisyen ou fanatik ki kwè nan vizyon ou misyon Patrick Monssignac.

Nap raple, RTVC pran anpil fwàp kidnapping anba men sangwen kap simen dèy yo; sa pa menm genyen yon semèn depi yo kidnape administratè radyo a, Marc Théagène ak tout madanm li ki toujou anba men sansal yo.

Comments are closed.