Majistra Josué Alusma yon lòt fwa ankò: Breeze Marina Star Hotel some e egzije l degèpi san pèdi tan

2,307

06-12-2022

Boden, Ayiti_____(TRiboLAND) Breeze Marina Star Hotel, reprezante pa Rigobert NOËL e ki genyen kòm kabinè Avoka : Kabinè Me LOUIMA e Asosye some Premye sitwayen vil Pòdpè a, Majistra Josué Alusma pou peye 335 000 goud ak 630 dola nan yon delè ki pa twò long.


Toujou nan menm somasyon sila, yo pa deside pran oken eskiz nan men Josué Alusma, pandan yo mande li pou kite espas otèl la paske li fè twòp dezòd.

Administrasyon Otèl la di, si li pa fè tout sa yo mande atravè somasyon si la, yap fè tout sak nesesè selon la lwa, pou li rache manyòk li bay Breeze Marina.

Nap raple, swa dizan premye sitwàyen komin Pòdpè, popilasyon kapwàz la eksprime anpil repunyans ak degou fas ak yon parèy karaktè sangwen bò kote yon majistra krizokal a ki pa sispan afiche yon seri konpòtman gansterik, asosyàl, kòronpi, eskandalize, belijeran, konfliktyèl, idyo, anfantin e amoral atravè depatman Nòdwès la.

Ou ka konprann, yon biznis ki asèpte ebèje yon karaktè tankou Josué Alusma espere pèdi anpil kliyan ki pa konfòtab ak prezans Majistra a.

Comments are closed.