Gwo diskisyon tòchon sal ak mezantant ap degaje nan mitan Claude Joseph ak Pwemye minis Ariel Henry

1,865

08/28/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Mesye “Konfli” chita jounen jodi a nan mitan Claude Joseph ak pwemye minis defakto a, Ariel Henry ki ta sanble ki kite lwà pouvwà otoritè danse nan tèt yo sou yon seri desizyon diplomatik.

Claude Joseph ki ta sanble genyen, sa pa gen lontan yon kouzen li ki te enplike nan yon eskandal paspò nan anbasàd Wachennton nan, ta deside pa pran dikta nan men chèf yerachik li, Ariel Henry ki te òdone li pa egzekite oken chanjman nan moman sa e jiska nouvèl lòd.

Yon sous ki soti anndan gouvènman defakto PHTK a konfye TRiboLAND egzistans gwo dife volan ak machwè gonfle ant pwemye minis Ariel Henry ak Claude Joseph ki se minis Afè Lòt bò Dlo peyi Dayiti ki an vyolasyon ak yon seri direktiv ki te soti bò kote pwemye minis lan. Konfwontasyon sa yo ki ta sanble dejenere, alabaz yon desizyon diplomatik inilateral Claude Joseph pran antan ke minis Afè Lòt bò Dlo; tankou pou voye an eta disponiblite Chaje Dafè Ayiti nan OEA, Edmond Bocchit.

Claude ta sanble li deside mete yon ansyen konsil PHTK ki pote non Gandy Thomas nan plas Edmond Brocchit san konsilte Ariel Henry kòm pwemye minis; yon desizyon Henry pa soti pou apwouve.

Comments are closed.