Gonayiv : 3 pitit Elisemène Simon yo mande liberasyon manman yo gang Kokorat San Ras te kidnape 09 jen pase a.

07 – 11 – 2024
Gonayiv, Ayiti___(TRiboLAND) Elisemène Simon, se non yon dam ki soti nan zòn 3 pon nan premye seksyon nan komin Gonayiv kote bandi Kokorat San Ras te kidnape pandan l tap soti nan komin Machan Desalin jou samdi ki te 09 jen pase a.
Dam sila genyen 3 pitit epi lap viv nan yon ti kay ak tè. 3 timoun li yo mande liberasyon manman yo san kondisyon paske yo pa gen mwayen pou peye ranson.






