Ariel Henry pati pou asiste Somè CELAC nan peyi Ajantin

598

01-23-2023

Ariel Henry pati e pran avyon pou peyi Ajantin dimanch aprè midi, nan kad patisipasyon nan 7èm Somè Kominote Eta latino-ameriken Karaib yo (CELAC) kap òganize madi 24 janvye prochen an, nan peyi Ajantin.

Nan sans sa, Premye Minis enkilpe a, swete makònen bonjan rapò e grapyay bilateral ak kominote latino-amerikèn ak karibeyèn yo nan okazyon gro sòlòkòtò sa, daprè yon nòt Primati a mete deyò ki date 22 janvye 2023.

Konsa, minis ekonomi ak finans lan, Michel Boisvert ap asure enterima pandan absans Ariel Henry.

Comments are closed.