Me Ychmuth Corneille enstale nan tèt Asosyasyon Jounalis Nòdwès kòm nouvo kowòdonatè jeneral

314

12/28/20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Se jounen dimanch 27 desann 2020 an, Me Ychmuth Corneille rive enstale kòm kowòdonatè jeneral nan tèt Asosyasyon Jounalis Nòdwès (AJN) swivan dewoulman eleksyon mwa oktòb pase a.

Seremoni sa a, ki te dewoule nan sal pawasyal Pòdpè a, an prezans divès jounalis, patwon media ak kèk reprezantan pati politik, te pote kole pou pran ak de yon parèy enstalasyon.

Kowòdonatè a nan diskou li, soulinye divès pwoblèm jounalis Nòdwès yo ap konfwonte, pami yo: tretman ak non respè. Kowòdonatè a avanse pou’l di jounalis yo dwe plis pwofesyonèl, kote’l soulinye objektivite ak kredibilite dwe mache kòt a kòt. Konsa, pèsòn jounalis pap rantre nan lojik fè manti sou moun ak detwi moun ak mikwo men pito itilize mikro a, kòm yon zouti nan enterè ak dwa popilasyon an tèm enfòmasyon.

Yon lòt bò, Me Corneille ki se Alatèt Rayo Marconi FM nan vil Pòdpè, fè eta de tout yon plan daksyon ki vize antreprann plizyè seyans fòmasyon pou kòlèg li yo. Konsa, y’ap kapab arive egzèse metye a avèk plis pwofesyonalism.

Pou fini, Me Ychmuth Corneille dit Rambo, ki gen yon manda 2 lane swete li menm ak tout ekip li tankou: Hyppolite Genson, John Aristilde, Mirlanta Majuste, Frisnel Yasinthe, Louis D. Junior, Fatilien Charlestin, Exil Noël Mogé, Jehrbson Pétit, Osam Marc Edy, Smith Joseph ak Roubonneau André swete jwenn yon chanjman andedan asosyasyon sila, ki vle di “divòse ak sistèm tradisyonèl la pou’n ale vè la modènite ak pwogrè”.

Hyppolite Genson

Comments are closed.