Reginald Boulos ap trese lèl pou odisyon: ULCC pase lòd kote yo jwen li pou arete l

532

07/02/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Nan kad yon lòd rechèch ki lage dèyè businessman Pierre Réginald Boulos, direktè jeneralULCC a, Mèt Hans Jacques Ludwig Joseph egzije pou yo mennen vini e mare tankou grab sitwayen sa ki rele Pierre Règinald Boulos la.

“Nou menm, Mèt hans Jacques Ludwig Joseph, Alatèt jeneral ULCC kap aji kòm ofisye Polis Jidisyè ak gadyen antikòripsyon Repiblik la, mande PNH la, patikilyèman Brigade de Recherche et d’Intervention (BRI) Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ), pou chèche tankou chyen fou e pote vini anba gwo dispozitif sitwayen sa ki rele Pierre Réginald Boulos la”.

Avèk konplisite 2èm alineya 11 dekrè 8 sèptanm 2004 la, Mèt Hans Jacques Ludwig Joseph menm pase lòd pou pibliye nan tout ra kwen Repiblik la, foto Pierre Réginald Boulos.

Comments are closed.