Vil Jeremi anrejistre pou maten 22 janvye 2024 lan,3 mò pa bal ak plizyè blese grav.

974

01 – 22 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Byen bonè maten lendi 24 janvye 2024 lan, yon eskonbwit pete ant yon gwoup nèg ki te vle mete dife tou prè sou komisarya Obak lan, kote ke lapolis te kanpe ankwa kont yon parèy aksyon ki te vinn transfòme an yon veritab dyèl.

Bilan ensidan an, okazyone 3 moun mouri anba katouch e plizyè lòt blese gravman e transpòte nan lopital Sent Antwann Jeremi.

Ankò, pou maten 22 janvye 2024 lan, okenn enstitisyon piblik e prive nan depatman an pat fonksyone , malgre mesaj nouvo delege depatmantal lan, pou te mande pou tout aktivite repwann alanòmal ,vwala se blese ak kadav Jeremi ap konte.

Comments are closed.