Lapolis nan gran komisarya Tigwav pwosede avèk arestasyon “Peter”, yon manm baz group gang 400 Mawozo.

1,459

11-24-2022

Tigwav, AyIti_____(TRiboLAND) Lapolis nan Komisarya Santral Tigwav la mete anba kòd manm baz 400 Mawozo Peter, ozanviwon 4 trè aprè midi 24 novann 2022 a, nan lokalite Kipidon 11èm seksyon kominal Ravin Sèch, Tigwav.

Nan moman arestasyon Peter, lapolis retwouve yon menòt nan bra li; Peter se yon moun ki ta sove nan prizon epi vin kache kò li nan komin TIgwav daprè sa fòs lòd yo rapòte.

Manm baz 400 Mawozo a, deklare li se moun  Mibalè, lap viv nan komin Kwadèboukè depi yon bon bout tan.

Nap siyale, pou kounya, annafè gang sangwen an twouve’l ap reflechi dèyè do 4 miray nan prizon sivil Tigwav la, anatandan pou’l al reponn kesyon otorite jidisyè yo pou sa yo repwoche li.

JOICY Arnold

Comments are closed.