Konfimasyon Lapolis: 3 endividi ki te jwen lanmò yo sou Lalu a te kidnapè

108

06-30-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan fen jounen mèkredi 29 jwen 2022 a, Direction Centrale de la Police Judiciaire (DCPJ) konfime ke 3 endividi ki te jwen lanmò yo sou aveni John Brown, Lalu te kidnapè; yo tap tante kidnape yon anplwàye nan libreri Henry Deschamps, nan Petyonvil.

Selon enfo ki figire sou paj Facebook DCPJ, bandi sa yo te genyen gro boukantaj kout zam avèk lapolis nan moman yo tap egzekite zak kidnapping nan sou anplwàye libreri a. Lapolis tap swiv yo depi Petyonvil rive sou Lalu, mèkredi 29 jwen 2022 a.Yo te blese mòtèlman, nan yon Toyota 4Runner ki matrikile : AA-09249, alòske fòs lòd yo sezi yon pistolè e fè eta de yon lòt poulen ki te egalman pran bal men mare tankou krab anba men lapolis.

Selon nòt lapolis la, Triyo prezume kidnapè “Jean, Jean, Jean” yo te ansyen divis. Bandi tankou Jean Brunel, pitit Kenskòf, ki fè prizon deja nan Penitansye Nasyonal nan lane 2010 pou detansyon zam ilegal. Alòske Jean Mario Joseph, yon natif Site Solèy ki te egalman nan Penitansye Nasyonal nan lane 2011 pou zam ilegal. Dènye a ki se Jean Michel Bien-Aimé ki fèt nan Pòtoprens te fè prizon egalman nan Penitansye Nasyonal pou asosyasyon malfektè, brakaj, posesyon zam ilegal nan lane 2017.

Comments are closed.