Yon gwoup sitwayen boude kou gong; yo mande enspektè Antoine bay esplikasyon sou anprizonman aspiran BSAP la.

864

01-20-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen nan popilasyon Senlwidinò a manifeste anfoul devan komisarya komin nan, pou mande enspektè Antoine pou bay rezon jistifikativ anprizonman David Louis, yon inosan aspiran BSAP.

David Louis yon aspiran BSAP ki tal chèche kazye jidisyè nan komisarya Senlwidinò a, nan semèn ki sot pase a, ta jwenn arestasyon l san rezon bò kote enspektè Antoine. Popilasyon an ki te boude kou kong te mase devan komisarya a, e yo tap mande enspektè Antoine motif arestasyon an, kèk ti tan aprè David te finalman jwenn liberasyon l nan pakè Pòdepè a.

Comments are closed.