UDMO mare kon krab yon manm ame BSAP nan vil Pòdpè

479
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) UDMO nan vil Podpè pwosede ak arestasyon yon ajan Brigade de sécurité des aires protégées (BSAP) ki te genyen yon gro zam fan fwa sou li, jodi dimanch 14 septanm 2025 lan. Lapolis sezi zam dezagreman an e mare li kon krab. Pou koulya, eleman sila trouve li nan gadavi, kote ke l’ap tann pwosedwi legal yo.

Li enpòtan pou sinyale, nan dènye jou sa yo, anpil moun nan depatman Nòdwès la, genyen bouch pa gou ak maladi latranblad, pou nivo enplikasyon yon group ki pote non “Leyopa” kap feraye ou enfiltre nan mitan BSAP e kap komèt krim, aktivite dwòg e egzasyon anndan antite sila.

Si pa genyen yon balewouze estriktirèl ki fèt ak yon depousyeraj miskle ki efektye fas ak yon seri deriv ou ajan sibvèsis ki genyen yon seri enkredibilite sispèk sou tèt yo, Nòdwès riske fè fas ak yon kò bandi kap pi mal ke group bandi Ti Bwadòm yo. Ke lapolis nan Nòdwès pran responsablite yo.

Share:

Leave a reply