Gang yo kontinye ap elaji tèritwa yo nan Pòtoprens

1,115

04-24-2023

Pòtoprens, Ayiti____ (TRiboLAND) Yon nouvo nich gang etabli baz yo nan Pako, Debisi ak zòn Tijo  jodi lendi 24 avril 2023 a, nan kapital la.

Lokalite sa yo ki te mwen kontamine nan aktivite gang, trouve yo jounen jodia ap viv byen bonè maten lendi a, gro katafal kout zam san rete anba lobedyans bandi sangwen ame ki asyeje plizyè perimèt katye yo, kote ke yo vle elaji tèritwa yo, pou kontinye teworize popilasyon ayisyèn nan.

Nap raple, tantativ bandi yo pou enpoze prezans yon selil gang nan diferan lokalite tankou nan Pako, Tijo ak Debisi, rive nan yon moman popilasyon Kanapevè a, pase alenfinitif 14 sangwen san manman, ki te nan wout pou ale fè masak nan yon lòt katye.

Nap raple, 80% zam ak minisyon gang yo, kap touye popilasyon anyisyèn nan, soti lakay Etazini ki deklare ke li se bon zanmi peyi Dayiti!

Comments are closed.