Yon ti batiman vwalye koule tèt nèg nan zòn komin Gresye, toupwe “Le Lambi”

987

01 – 20 – 2024

Gresye, Ayiti___(TRiboLAND) Yon ti kannòt bwa fouye koule apwemidi samdi 20 janvye a nan zòn “Le Lambi”, komin Gresye. Selon enfo ki arive jwenn TRiboLAND, ti bato vwalye a tap sòti Mèje pou antre Kafou.

Temwen ki tap obsève deklare ke vwalye a tap trese lèl akoz twòp chaj. Li koule toupre Lakay Gwo Manman, alòske 2 pasajè ak yon kaptèn ki te abò, te arive sove gras ak manèv pote sekou popilasyon an.

Nap raple, ensidan sila arive fèt, akoz gwo pwoblèm gang ki achte Mariani lajan kontan. Yon sitiyasyon ki egalman okazyone plis pase yon santèn lekòl arive fèmen.

Comments are closed.