Ti machann yo nan mache Rivyèba mande responsab yo nan leta pou retire yo anba flanm solèy la.

878

01-20-2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ti machann yo te akòde ak laprès jodi samdi 20 janvye 2024 la, revandè tout kalite yo, mande otorite yo nan leta, fè yon jan pou retire yo anba flanm solèy la.

Yo plede anfavè yon bon espas pou yo kapab jwenn kote pou etale machandiz yo, epi konstwi yon mache piblik pou pwoteje yo anba flanm solèy ak seren lapli tout lajounen.

Machann yo rapouswiv pou di, si tout fwa responsab yo pa bay dèyè yo 2 tap, yap gen pou foule beton an nan mwa kap vini an.

Comments are closed.