Aprè yon gwoup opozan fawouch, kont ekip Ariel Henry an, te finn mete dife nan Palè jistis Jeremi a, Romel Paul pwomèt pou retabli lòd nan komin nan

829

01 – 20 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Romel Paul yon militan politik nan Jeremi, ki pa dakò ak zak kraze brize, opozan fawouch kont ekip ki sou pouvwa Ariel Henry ap miltipliye nan Jeremi, bay garanti ak prezans Paulemont Michel, kòm nouvo delege depatmantal, lòd piblik pwal retabli nan Jeremi, kou nan rès komin depatman Grandans lan.

Mîlitan politik lan fè deklarasyon sa a, nan mikro TRiboLAND, aprè patizan delege revoke a, Louissaint Cezar, ak majistra revoke yo, te finn mete dife anndan kou deyò lokal Palè Jistis la nan Jeremi. Selon enfo yo, vyolans sila, te antre nan kad pou te rann enposib prestasyon sèman nouvèl ekip pouvwa anplas nome pou dirije depatman Grandans lan.

Nap fè remake, depi vag pwotestasyon yo, pouvwa konteste Ariel Henry a, ap miltipliye egalman estrateji ak ranplasman pou arive apeze kolè popilasyon an ki bouke ak enkonpetans yon pouvwa ki pa sispann efondre peyia.

Comments are closed.