Majistra New York la jwenn anpil kritik apwè ke li mekontan kont yon rasanbleman jwif otodòks

346

New York____(TRiboLAND) Bill de Blasio kritike seryezman yon manifestasyon kominote jwif la tap òganize nan New York alòske vil la se episant epidemi an ki pote ale pi plis moun atravè Etazini.

Nan sans sa, gen gwo polemik apwopo rasanbleman sa; konsa, Majistra a arive menase pou li sanksyone avèk anpil rigè kalite aktivite sa yo ke li kalifye kòm ‘insèptab” bò kote kominote jwif la ki te òganize yon kokenn chenn aktivite ki te reyini yon pakèt milye jwif otodòks yè Madi a sou yon gwo aveni nan katye Williamsburg pou rann selèb raben omaj ki te mouri anba kowonaviris.

Nan yon seri tweet ke li mete deyò Madi swa, Bill de Blasio ki se yon Demokrt, pat sispann kritike konpòtman kominote jwif la; e li te menm ale sou plas ak polisye pou dispèse foul moun yo e menase pou sanksyone yon kominote ki genyen plis pase yon milyon manm nan New York.

Sepandan, konsèy jwif òtodòks pou afè piblik pat pran tan pou kritike sevèman Bill de Blasio kap fè yon politik diskriminatwa sitou lè yo konsidere ke li pat ditou reyaji lè te genyen milye gwoup newyòkè ki tap asiste pwestasyon espasyal eskadwon lame maritim peyi Etazini an ki tap bay omaj a travayè sante New York yo.

Konsèy la estime ke Bill pat janm di yon mo ki gen pou wè avèk distansyasyon sosyàl la.

Comments are closed.