Mario Fontaine, se non yon anplwaye sikisal Sogebank ki pann tèt li nan Jeremi

498
0
Share:
Triboland

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Mario Fontaine, se non yon anplwaye sikisal Sogebank nan Jeremi, ki pann tèt li nan lakou lakay li nan lannwit 13 pou louvri 14 jiyè 2025 lan.

Dram sa a ki choke anpil moun nan vil Jeremi, mobilize plizyè santènn moun ki pwòch viktim lan fè deplasman pou al konstate ak pwòp je yo, si se yon reyalite. Nan kad dosye sila lapolis atravè sèvis depatmantal polis jidisyè (SDPJ) te rann yo sou plas pou swit legal yo, annatandan jij depè fè leve kadav la.

Pou majorite manm sosyete a nan Jeremi, mobil fòm lanmò sila nan kominote pa klè e bay anpil lawouli. Gen lòt ki estime se ta sousi pwoblèm lavi a ki genyen anpil pou wè avèk ensekirite jeneralize a.

Antouka, se konstenasyon total kapital maten an nan vil Jeremi, kote absans sekirite sosyal pa sispann afekte kotidyen rezidan yo, anba je yon Leta sangwen ki chwazi pa kreye kondisyon adekwat pou moun tankou Mario Fontaine, ki tap batay ak lavi.

Share:

Leave a reply