Kòdonatris depatmantal asosyasyon fanm pou devlopman Grandans lan, Sylmatha Pierre mande gouvènman an debloke wout nasyonal nimewo 2 an.

125
0
Share:
TRiboLAND

07 – 25 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatris depatmantal asosyasyon fanm pou devlopman Grandans lan, Sylmatha Pierre egzije gouvenman Alix Didier Fils Aimé an debloke wout nasyonal nimewo 2 an; yon vwa piblik ou komèsyal ki bloke depi plis pase twa lane.

Pi lwen madam Pierre rabat pou li di ke peyizan ak machann yo nan Grandans, pa kapab dekoule pwodwi yo nan kapital; konsa, sa okazyone pwoblèm ensekirite jeneralize an ki genyen konsekans negatif sou bon fonksyonmam sosyete an prèske an jeneral.

Pou Kòdonatris estrikti a, li pa demokratik pou ekip ki sou pouvwa a, manm konsèy elektoral pwovizwa a ak tout kominote entènasyonal la, ap pale eleksyon nan yon peyi an majorite se gang ame kap kontwole teritwa yo ak konplisite dirijan yo.

Ansyen majistra kominal Jeremi, Sylmatha Pierre ale pi lwen pou fè konprann, fòk genyen bonjan eleksyon pou remete peyi a sou ray demokratik ak relans ekonomik pou yon devlopman dirab; men se pa nan klima ensekirite jeneralize sa a.

Share:

Leave a reply