Pwatik manman kap jete bebe ki apèn pwan nesans, se yon fatalite nan Jeremi.

445
0
Share:
TRiboLAND

02 – 20 – 2025

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Abitan kap viv nan vil Jeremi, leve jwenn maten lendi 17 fevriye 2025 lan, kò san vi yon tibebe nouvone kote ke manman’l ta jete’l nan zòn Dèyètou Sakochon, Wout avyasyon.

Selon temwayaj kèk abitan nan zoòn sila, se pwoblèm lavi difisil la ki ta rann jèn manman yo finn fè yon timoun epi al jete’l akòz yo pa kapab pwan swen li kòm sa dwa.

Kidonk, pou fini ak vye pwatik inimen sa yo, divès sitwayen mande lapolis ak lajistis louvri ankèt nan zòn lan yon fason pou arive boske manman pèlen ki komèt krim odye sila, e pini li jan sa lalwà mande. ‎

Share:

Leave a reply