PNH pran nan nas yon gro group gang sangwen nan komin Akayè

298

11\16\20

Akayè____(TRiboLAND) Nan yon operasyon lanjelis diswa Polis Nasyonal la fè samdi 15 novanm 2020 an nan Williamson, Komin Akayè; otorite yo arive poze lapat sou katòz moun pami yo yon fanm.

Yo repwoche ekip atoufè sa kòm moun ki fè rout krochi ak yon krèy machandiz ak vòl, pou site sa yo sèlman. Fòs lòd yo arive konfiske egalman yon revòlvè kalbi 9 milimèt.

Rezo gang sangwen sa ki gen men li tranpe nan yon machin ki tap transpòte pyès machin ak motosiklèt ki estime jiska 50 000 dola vèt, te temwanye sou divès zak malonèt ke yo abitye egzekite nan depatman Lwès la, daprè responsab PNH yo.

Comments are closed.