Gro aktivite eskanmòtè ap baleye komin Ferye: moto ak zannimo popilasyon an pa rete!

1,279

02-10-2023

Ferye, Ayiti ____(TRiboLAND) Vòlè moto ak kabrit ap fè moun Ferye, depatman Nòdès peyi a moute syèl la tèt anba.

Daprè Jounalis Romenal Nelson, depi kèk tan gen yon fenomèn ensekirite kap apovri sitwayen yo nan komin Ferye. Plizyè manm viktim nan popilasyon an pa konnen ki sen pou yo rele akòz vòlè kap pran betay popilasyon an san konte, eskanmòtè kap rantre pran moto anndan lakay moun.

Gwoup endividi mal entansyone sila yo kap mache teyorize popilasyon an te fè yon ti kanpe, men nan kòmansman mwa fevriye a, zenglendo yo reprann fòs. Popilasyon kap viv nan Ferye mande konkou lapolis, Kazèk ak tout otorite konsene, yon fason pou lage koukouwouj dèyè malfrendeng ki pa vle bay popilasyon an yon souf.

Nap raple se nan anpil vil nan depatman kesyon vòlé moto ak zannimo ap fè ravay. Nan fen mwa janvye a, endividi yo pat rive idantifye te deja rantre lakay plizyè moun nan Wanament epi pran moto ale avèk yo.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.