Guy Philippe, denonse yon denigreman bò kote gouvenman Ariel Henry ki vize asasinen karaktè li.

929

01 – 18 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Nan yon nòt biwo kominikasyon ansyen senatè Guy Philippe mete deyò swit ak deklarasyon Mèt Renold Georges kap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo, mouvman politik la demanti kon chyen tout alegasyon sila yo ki pa chita sou anyen.


Nan yon videyo ki rann piblik, Mèt Renold Georges, ta fè kwè ke ansyen chèf rebel la, Guy Philippe ta reklame 3 pot fèy ministeryèl, ki se ministè, lajistis, ak defans enteryè, yon fason pou ta fasilite yon koabitasyon ki kapab fasilite kontinwite gouvènman sangwen Pwemye minis Ariel Henry a sou pouvwa a. ‎

Biwo kominikasyon ansyen senatè kap pwone yon levanjil revolisyon sou tout tèritwa Repiblik Dayiti, voye jete kon chyen divèsyon ou alegasyon san fondman sila yo, ki vize detounen vijilans popilasyon an sou vrè mizèrere ak agoni ke lap konfwonte chak jou ki jou.

Comments are closed.