Byen bonè maten jedi 18 janvye 2024 lan , 3 ajan ekzekitif enterimè komin Jeremi prete sèman.

967

01-18 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Aprè yon arete ki te pwan nan konsèy minis yo, plizyè sitwayen tankou: Sylmatha Pierre, Joël Jean Baptiste ak Ivrose Pierre prete sèman kòm ajan ekzekitif enterimè komin Jeremi jodi jedi 18 janvye 2024 la.

Malgré iltimatòm Guy Philippe te lanse, sa pa anpeche byen bonè maten an, Jij depè Jean David Simon, nan lokal direksyon depatmantal enstitisyon polis nasyonal Grandans lan, pwosede ak prestasyon sèman 3 manm konsèy minisipal meri Jeremi an.

Nap raple, Sylmatha Pierre, ki retounen nan pòs sila, ranplase Claude Henry Milor, Joël Jean Baptiste ranplase Thama Pierre Fontaine, alòske Ivrose Pierre konsève pòs li. 3 majistra sa yo pwomèt pou travay byen pou avansman komin Jeremi.

Comments are closed.