Yon lot “Épée de Damoclès” plante ankò sou Tèt Kolektivite Teritoryal yo.

05/30/2021

Chè konpatriyòt,
Lè mwen kontinye analyz map fè depi yon ti tan sou Rezolisyon Sena a te pran kont 698 eli Asanble Minisipal yo pou yo pat prete sèman epi pou KEP la te bloke rès Eleksyon Endirèk yo, sa vle di Asanble Depatmantal, Konsèy Depatmantal ak Konsèy EntèDepatmantal, mwen santi gen yon « Épée de Damoclès » sa vle di yon danje ki plante ankò sou Tèt Kolektivite Teritoryal yo. Sa vle di ki sa?
Si pwoblèm 29 Senatè/Senatris yo te soulve yo pa regle anvan prochèn lwa elektoral la, Sena ap bloke ankò Eleksyon Endirèk yo.
Pou evite yon lòt abi ak enjistis ankò, map ban nou kèk Konsèy.
Daprè ti rechèch mwen fè:
1) te gen nan Sena 50e lejislati la 28 Senatè + 1 Senatris.
Sa fè 29. Guy Philippe pat gen tan prete sèman;
2) 29 Palemantè yo te reprezante 14 Pati Politik;
3) Men non Pati Politik sa yo:
3.1 PHTK = 10 Senatè
3.2 AAA = 3
3.3 Verite = 3
3.4 Bouclier = 2
3.5 KID = 2
3.6 Consortium = 1
3.7 F. Lavalas = 1
3.8 Inite = 1
3.9 KONA = 1
3.10 LIDE = 1
3.11 OPL = 1
3.12 Pitit Dessalines = 1
3.13 PONT = 1
3.14 RPH = 1
4) lè nou gade byen 5 premye Pati Politik yo te gen 20 Senatè sou 29;
5) 20 Senatè yo te reprezante 69 % nan Sena, lòt 9 Pati Politik te gen 9 Senatè ki te reprezante 31%.
Kòm konklizyon, pa gen yon Senatè ni yon Pati Politik ki te pran defans Kolektivite Teritoryal yo ak Eleksyon Endirèk yo.
Jodiya nap mande 29 Senatè yo ak 14 Pati Politik yo sòti yo pou yo pran Reskonsabilite yo devan Peyi ya pou yo di Kolektivite Teritoryal yo si:
1) yap korije pwoblèm yo te soulve yo nan Rezolisyon 5 Jiyè 2017 la;
2) ou byen si yo DAKÒ ak Prezidan Jovenel pou KRAZE ASEC, Delege Vil, ak Konsèy EntèDepatmantal la.
Patriyotik samitasyon
Hérard LOUIS






