Prezidan komisyon kominal enterimè komin Jeremi an, Onèl Jacinth pwomèt pou bay demisyon’l akòz pèsekisyon politik lap sibi.

302
0
Share:
TRiboLAND

11 – 05 – 2925

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Onèl Jacinth, prezidan komisyon kominal enterimè Jeremi an, ki genyen mwens ke twa mwa alatèt administrasyon kominal Jeremi an, denonse divès fòm pèsekisyon lap sibi anba men politisyen ki pa danse kole ak chanjeman ke li antrepwann depi aparisyon ekip li a.

Pami fòm pèsekisyon yo, majistra Jacinth pale tantativ ensandi sou rezidans li, agresyon yon ansyen anplwaye meri a , ke Alex Dominique fè sou li ak tout fanmiy li devan je gran piblik lan, sa ki pouse l pote plent nan lapolis Jeremi. Se konsa, yon manda rale mennen pote vini, pat pran tan pou te fè arete agresè a, Alex Dominique.

Ki donk, aprè li te finn apwann nouvèl manda a, Alex Dominique te kouri bwè yon likid ki te mete lavi l andanje; e fanmi ak zanmi pwoch li, pat pwan tan pou te pwan wout lopital Sentantwann avèk li pou swen ka li te merite.

Antouka, majistra Jacinth ap fè fas kare ak tout yon seri pèsekisyon ki soti nan tout direksyon, selon sa li rapòte; yon seri pèsekisyon ki kapab fòse li kraze yon kite sa, kòm prezidan komisyon kominal enterimè Jeremi an.

Share:

Leave a reply