Fèt Patronal : Fidèl Katolik Chanpay Selebre Sen Patwon yo.

06-29-2022
Fidèl Katolik Chanpay, lokalite Komin chansòlm selebre,jounen mèkredi 29 Jen 2022 a, Sen Pyè ak Sen Pòl.
Champagne, Pòdpè_____(TRiboLAND) Fidèl Katolik Chanpay yo kite konn fete fèt sa a nan yon premye tan, te vin deside, sou obedyans Pè Profit selebre chak 27 nan mwa jwen; Notre Dame kòm patwòn yo, e sa pa gen 2 lane depi yo deside re-selebre Sen Pyè ak Sen Pòl.
nan kad selebrasyon, pèleren sòti tout kote atravè depatman Nòdwès la pou vin tande pawòl bondye vivan an. Se Konsa, nan omeli sikonstans l’an Pè selebran an, Wolson Toucéiste, prezante Sen Pyè ak Sen Pòl kòm 2 gran pyonye nan legliz Jezi Kris la. Li envite kretyen yo, pou yo renmen yonn ak lòt menm jan Jezi Kris renmen yo .

Yon lòt bò, Pè selebran an montre ke l vekse pou fason swa-dizan otorite yo ap mennen bak peyi a. Li kontinye pou l di,li pa nòmal pou yon pèp ap demere nan ensekirite ak la mizè rere pou yon Leta ap byen mennen.
Plede anfavè bon jan enfrastrikti, Pè selebran an mande, menm jan ak Jezi Kris ki toujou bay pitit li yo pwovizyon; pou Leta ayisyen kreye bon jan kondisyon pou retire popilasyon ayisyèn nan touman sa a.






