Nan ka lanmò Claudy Gassant an, lapolis dominikèn ta plis panche sou posiblite swisid

856

08/02/2021

Sen Domeng_____(TRiboLAND) Selon jounal dominiken “Diario Libre”, lapolis dominikèn ta plis panche sou posiblite swisid nan ka lanmò dramatik ansyen komisè gouvènman Pòtopwens lan, Claudy Gassant.

Otorite dominikèn yo mete sou pye yon ankèt sere sere pou chèche konnen nan ki sikonstans Mesye Gassant ta jwen lanmò li. Konsa yo te pwosede ak arestasyon madanm li ki se Farah Gassant ak tout lòt moun ki te anndan kay kote li tap viv la.

Pou lapolis dominikèn, “nou toujou kenbe menm tèz swisid la nan kàd ankèt chèche konnen sikonstans lanmò ansyen komisè a, nap rete tann rezilta otopsi a yon fason pou nou detèmine vrè koz lanmò a”, dapwè pòtpawòl lapolis panyòl la, Ana Jiménez Cruceta.

Nap raple, otorite yo ki ta sanble detekte tantatif uzaj kloròks lakay defun, te vinn relache madanm Gassant ape plizyè seyans entèwogatwà.

Comments are closed.