Pèp Haytien, leve tèt ou, gade nan kisaw ye.

935

01 – 15 – 2024

Pèp Haytien, leve tèt ou, gade nan kisaw ye. Gade ki mizè wap pase, gade ki imilyasyon wap pwan tout kotew pase, moman an rive pou swiv egzanp zanset yo te bay le mond an 1803 / 1804 la.

Gade kijan lidè peyi Afwiken sa yo, ap leve karaktè peyi yo, piga nou rete dèyè, 2024 la, nou leve kanpe kont sa ki anpeche nou yo pou nou libere peyi nou ankò.
Gade peyi :
*La Gine =* Mamady Doumbouya
*Mali =* Asimi Goïta
*Burkina Faso =* Ibrahim Traore
*Nijè =* Abdourahamane Tchiani
*Repiblik Santrafwik =* Faustin-Archange Touadéra
*Gabon =* Brice Clotaire Oligui Nguema

*janvye 1804- janvye 2024*

Valè libète ak emansipasyon revolisyon 1804 la pat sèlman tabli sou Tè peyi Hayti, men pou tout limanite, paske revolisyon 1804 la te gen yon dimansyon mondyal. Peyi nou Hayti te senbolize Libète douvan lòd jewopolitik epòk la ki te chita sou lesklavaj.

Hayti malgre jan loksidan redwi nou ekonomikman li, menm si nou se yon teritwa tou piti ak yon lame afebli ki te fenk soti nan lagè kont blan fransè, pat pè kanpe anfas tout peyi kolonyalis ki t ap pratike lesklavaj pou te pote flanbo libète an bay lòt nasyon nan mond lan.

Nou te ede 90% peyi Amerik Latin yo jwenn libète yo, se koz youn nan rezon sa yo ki fè nap soufwi konsa.

Zanset nou yo te ede Ameriken yo non selman nan batay lendepandans yo, men apwè lendepandans nou sou Lafwans, li te oblije vann Ameriken teritwa li te genyen nan tout mitan li jodi a, ki evalye a 15 eta, ke chak sa yo pi gwo pase Hayti.

Nan lane 1822, nou te bay Revolisyonè Grèk yo anpil sipò nan batay yo kont Anpi Ottoman. Malgre nou pat gen lajan, nou te bayo zam ak anpil sak kafe pou yo te vann nan lide pou fínanse batay yo kont okipasyon Anpi Otoman.

Nou te ede La Libi libere tèt li,

Nou te ede Dominiken yo chase Lespay pandan 3 fwa, pou yo pat kontinye viv nan Lesklavaj ankò

E se pou sa nasyon nou an Hayti ap soufwi konsa jodi a. Fok nou batay pou delivre peyi nou an kont tout kolon kap travay pou yo. Fok nou pwoteste kont tout fòm eksklizyon sosyal yo mete peyi nou Hayti a

*janvye 1804 – janvye 2024* mwa pou mwa, sa fè 220 lane depi Desalin ak lot zanset nou yo te siyen yon dekrè kote yon kopi te al jwenn nan kongrè ameriken. Dekrè sa te pran sou kondisyon mas esklav yo ki tap soufri nan peyi Etazini pou pèmèt yo jwi dwa libète yo.

Jodi a se pou byen nou te fè ki koz nap peye konsekan sa yo. Si nou pa leve kanpe, yap disparet nou nan peyi nou. Sonje lonje dwèt se ti fwè kalot, avan yo disparet nou, bay tet nou yon dezyèm lendepandans !

Ane

Comments are closed.