Gouvènman Ariel Henry a repòte seremoni demaraj akò politik ki te pwevwà pou demen vandredi a

1,486

09/23/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) nan yon kominike, kabinè Pwemye minis Ariel Henry anonse jodi jedi 23 septanm 2021 an nan yon kominike ke seremoni ki te prevwà demen vandredi 24 septanm la pou demaraj akò politik la, ranvwàye pou mwàyen lojistik.

Akò politik sa ki fasilite anpil agranman ak raketè nan klàs politik la chanje koulè, ta sanble youn pami lòt rezon ki ta pwesipite demisyon anvwàye espesyàl ameriken an pou Ayiti, Daniel Foote ki te swete wè akò a pran an konsiderasyon pwopozisyon sòti kriz plizyè lòt antite politik ki vital; alòske Wachennton deside bay yon parèy akò benediksyon.

Comments are closed.