Yon pwofesè ak tout madanm li asasine tèt koupe nan komin Basen Ble

931

01 – 09 – 2024

Basen Ble, Ayiti_____(TRiboLAND) Destima Alfred alyas Mèt Tipepe, pwofesè konsome ki tap dispanse kou nan plizyè kolèj nan komin Basen Ble, mouri asensasine tèt koupe ansanm avèk madanm li, yè swa nan Site Miguel nan Basen Ble, depatman Nòdwès peyi a.

Alfred, ki ki te yon gwo vid ak doulè mare ren, te pwofesè chimi ak espanyòl nan plizyè lekòl, patikilyèman nan Lise Jacques Stephen Alexis. Li soti nan lokalite Debwa, nan zònn Monstik.

Selon sous TRiboLAND yo, pwofesè Alfred mouri asasinen nan moman li tap kite lakay li pou ale nan yon lòt kay ansanm  ak pitit li ak madanm li pandan sware lanjelis lendi 8 janvye 2024 la, lòske plizyè nèg ki tap veye li atake li. Agresè yo arive koupe tèt li e madanm li ki tap tante chape poul li te resevwa plizyè kout kouto anba kou.

Se bon pye ti moun yo ki sove yo, jiskaske yo te kouri nan komisarya komin nan pou pran refij.

Konsta legal ki te arive fèt byen bonè maten madi 9 janvye 2024 la, te fasilite leve kadav pwofesè Destima Alfred ak tout madanm li.

Nap sinyale, ankèt lapolis antame yo, poko revele tras koupab sangwen kriminèl yo. Sepandan, rimè yo pa sispann kouri sou gwo konfli tèryen ak vendik sou yon evantyèl pwomosyon kòm sansè nan Lise Jacques Stephen Alexis a, nan komin Basen Ble kap viv yon doulè mare ren fas ak yon parèy dram.

Comments are closed.