Apèl grèv jeneral la pa jwenn benediksyon popilè

388

Pòtopwens___(TRiboLAND) Latriye òganizasyon sendikal ak politik ki te lanse mo dòd grèv jeneral pou jodi lendi 22 ak madi 23 jwen an ta sanble pa jwen benediksyon ak patipasyon popilasyon an espesyalman nan kapital la kote ke tout aktivite kotidyènn yo ap fonktyone jan sa dwa.

Apèl grèv la, jan anpil moun ka konstate pa asiste tiraj. Repons polilasyon sa ki deja mawonde nan yon latriye kriz montre dezangajman li fas a yon parèy demach ki vize yon pakèt revandikasyon ki jis men poutan ki fèt nan yon kontèks kowonaviris ki mete sosyete ayisyènn ajenou. Yo estime ke yo deja gen tròp pakou nan men yo. Yo gen anpil pou jere!

Komès ak transpòtasyon ap fonksyone lib e libè, pakou de yon zònn pou rive nan yon lòt pa ofwi oken tèt fè mal. Kidonk, anpil nan kote nan kapital la pa bay aparans grèv jeneral. Konsa, responsab yon parèy mouvman dwe revizite plan “estratejik” ak “timing” ki gen pou wè anpil avèk fòm revandikasyon sa yo.

Kidonk, malgre apèl òganizasyon tankou CNOHA, Mouvman Esklav Revòlte, ANNIH, MOLEGHAF, Kako Dayiti ak Fòs Kanapevè Reveye te parèt jis, malerezman pa gen resèt ki fèt. Popilasyon an chwazi pa bay mouvman an jarèt jodi lendi a e petèt jamè demen madi a.

Comments are closed.