Mòl Sen Nikola: Sipò atizan pwofesyonèl yo ede jènn yo mete an valè plizyè pwodwi lokal

235

01/09/21

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Vil Mòl Sen Nikola pa sèlman rekonèt kòm zòn touristik ak istorik, men ofwi egalman yon opòtunite bab e moustach nan domèn atizanal.

Pou Samuel Ricks- Bendy, ki se yon jèn atizan, “sa ki enpòtan pou li se angaje jèn yo nan sèktè atizanal la ki vyèj e ede yo idantifye yon potansyèl fòs ekonomik ki kapab dekoule de sèktè touris la nan komin Mòl Sen Nikola.”

Li kontinye poul di: “anpil jèn pratike lanmè e ale lekòl, sepandan, sektè atizanal la, dapwè li, se yon mwayen ki kap pèmèt anpil jèn soti nan chomaj egalman, pandan ke bò kote pa yo, y’ap miltipliye efò prese prese pou mete sou pye yon lekòl atizanal ki pou desèvi jènès la nan komin nan.

Yon lòt bò, Henry Ermable, yon artisan pwofesyonèl (mentò), ki li menm ap evre nan domèn nan depi ane 1980, fè konnen leta a pa ankouraje moun nan absoluman anyen. Konsa, li mande konkou kèk òganizasyon de baz ak entènasyonal la pou ede’l fè fas ak pwoblèm ekspozisyon atizanal yo. Mentò a ki soulinye sipò grese sere “Foundation Care” te konn bali nan tan lontan antèm fasilite yon seri patisipasyon nan ekspozisyon sou channmas, te konn ede’l anpil.

Mesye Henry ki deside fwa sa a fè ekspozisyon nan peryòd kanaval k’ap vini la, itilize yon seri resous lokal tankou: kal kokoye, vantrès bannan, latanye ak divès lòt materyèl ki fasilite kreyasyon yon pakèt chedèv atistik tankou: po flè, chapo, soupla, panye, goumèt, chèn, chèz e latriye.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.