PDG Radyo Balade FM felisite epi mete PDG Fondasyon TRiboLAND lan, nan tèt lis kòm pèsonalite kifè plis aktivite sosyal pou ane 2023 a nan peyi Dayiti

01-04-2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon emisyon radyo ki kapte zòrèy plizyè milye sitwayen sou planèt Tè a, ke PDG Radyo Balade FM nan, Mèt Lou Evens Arné anime, li rive detekte plizyè sitwayen ki angaje yo nan aktivite sosyal nan peyi Dayiti pou goumen kont ensekirite, pami yo PDG Fondasyon TRiboLAND lan, Louis Louissaint, ke tout moun konnen sou non” Papa Loulou”, yon natif nan Nòdwès peyi Dayiti.

Pou PDG Balade FM nan, Papa Loulou se premye pèsonalite ki okipe tèt lis la paske dapwè li, Papa Loulou lage degidon nan fè zèv sosyal nan divès depatman nan peyi Dayiti tankou: Nòdwès, Lwès, Nòdès, Sidès, poun site sa yo sèlman. Latriye fòmasyon sa yo, reyalize pandan tout ane 2023 a, nan divès domèn tankou: fabrikasyon pwodui chimik, konfeksyon valiz ak sandal atizanal, fòmasyon sou afloral, karelaj, enstalasyon pano solèy ak kamera siveyans, san konte divès lòt aktivite sosyal tankou: peye lekòl pou ti moun ki pa kapab, ede kèlke kominote ak plizyè pla cho, bay peyizan yo semans ak zouti gratis ti cheri.
Nan zafè gaye enfòmasyon ak pote revandikasyon popilasyon an e mete politichyen ak richyen ayisyen ki fè peyi a tounen yon lanfè nan plas yo, TRiboLAND pa ezite denonse yo sou fòm nouvèl sou tout peyi a ak entènasyonal la, TRiboLAND média de Papa Loulou se sèl kòk chante!
Bat bwavo lakontantman pou latriye aktivite sosyal sila yo ki fèt gratis ak sakrifis monetè yon senp sitwayen otantik, PDG Radyo Balade FM nan pat gen mo ase pou ankouraje Papa Loulou nan kad batay lap mennen pou degrengole delenkans jivenil la, ki kwaze 2 pyel sou fòtèy jenès la.
Pwomèt jèn peyi Dayiti plis aktivite pou ane 2024 la, PDG TRiboLAND média a ki donk, Papa Loulou, anonse ak gran piblik la sou ond radyo Balade FM 102.3, ke mouvman ak aktivite sosyal yo pap kanpe, yap kontinye sou tout peyi a.






