Netwayaj chan aviasyon vil Pòdpè a tounen yon zo pwason nan gòj MTPTC

336

12/29/20

Pòdpè______(TRiboLAND) Tankou tout moun konstate’l chan aviasyon vil Podpè a, genyen plizyè lane depi moun ki renmen fatra ap pran yon malen plezi jete ladan’l tout kalite debri; sepandan, sa pa anpeche machin, moto tout kalite itilize anba je swadizan leta kòm yon wout komèsyàl se toujou yon anbarasan ak inesplikab lè avion ap ateri. Mete sou sa, otorite ki pa abitye ak sèvis aeryen fèmen je yo sou sitiyasyon dràm ekolojik sa. Kòm si sa pa fè yo ni cho ni frèt!

Lansman festivite kanaval yo ke prezidan peyi a Jovenel Moise anonse, kreye briskeman yon sonèt dalàm e pouse tout sèktè analize eta deplorab site Kapwa Lamò pi byen! Selon enfomasyon ki rive jwenn TRiboLAND, ta sanble gen anpil posiblite pou espas chan aviasyon an transfòme kòm episant pou akomode cha ak chofe jarèt ak demaraj tout patisipan k’ap soti toupatou pou simaye yàyàd nan Pòdpè.

An konsekans, depi kèk jou travay netwayaj chan aviasyon an kanpe; pou sèten se MTPTC kap fè laloz kana yon fason pou boykote anbyans lan.Yon sitiyasyon ki mete anpil dout sou 14,15,e 16 fevriye ki pwal vini la yo.

Pou Konya chan aviasyon vil Pòdpè a chaje ak dlo, fatra e gro pil labou, malgré travo piblik rive diminye nan yo, sa pa anpeche li toujou enpratikab.
Tankou anpil moun ap poze kesyon sa yo: Eske chan aviasyon an ap gentan prè pou pakou kanaval national la? Eske kouran 24/24 la ap gentan operationnel? Eske kanaval la ap fèt nan eta vil Podpè ye la a?

Jehrbson Petit



Comments are closed.