Depatman Lwès: Fondasyon TRiboLAND ateri nan komin Tigwav pou òganize 2 jounen fòmasyon gratis sou pwodwi chimik

858

Menm jan TRiboLAND deja bay yon kantite fòmasyon gratis atravè tout peyi a, fwa sa se komin Tigwav kap resevwa sèvis media anlyin lan atravè fabwikasyon pwodwi chimik.

08-08-2023

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou batay kont fenomèn delenkans jivenil lan, kap fè raj nan peyi a, e pou diminye fenomèn ensekirite ou aktivite gang yo sitou nan depatman Lwès la, Fondasyon TRiboLAND deside fòme jèn nan òganize fòmasyon ki chita sou konpetans abilite ki debouche sou apèzman ekonomik.

Plizyè vil ak divès seksyon kominal nan peyi Dayiti deja jwenn benediksyon Fondasyon an. Nan sans sa, yon ekip byen chaje bay tèt li misyon pou pèmèt jèn yo aprann fè plis pase 10 pwodwi chimik gratis tankou mistolin, swavitèl, vinèg, savon likid, pafen lwil e latriye. Plis pase yon santèn jèn fanm ak jèn gason nan divès katye pral gen chans aprann fabrikasyon pwodwi chimik gratis ou san senkòb.

Seminè sa a, ki pral òganize nan Biwo Agrikòl Kominal Tigwav la nan zòn la Hatte, pral mete egalman an valè konpetans yon veritab fòmatè konsome, ki pral dote patisipan yo yon konpetans enpekab nan domèn kreyasyon pwodwi chimi an.

Anba direktiv kòdonatè Arnold Joicy, ekip TRiboLAND Tigwav la ouvè pòt li byen gran pou resevwa patisipan yo demen mèkredi 9 rive jedi 10 dawout 2023 kap vini la!

Comments are closed.